|
| 1 |
|
| ¶ Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la. |
|
| 2 |
|
| Li di konsa: |
|
| 3 |
|
| -Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan. |
|
| 4 |
|
| Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'. |
|
| 5 |
|
| Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt. |
|
| 6 |
|
| Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò. |
|
| 7 |
|
| Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri! |
|
| 8 |
|
| Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an! |
|
| 9 |
|
| Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve. |
|
| 10 |
|
| Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo. |
|
| 11 |
|
| ¶ Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa? |
|
| 12 |
|
| Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete? |
|
| 13 |
|
| Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze, |
|
| 14 |
|
| ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè. |
|
| 15 |
|
| Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan. |
|
| 16 |
|
| Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri. |
|
| 17 |
|
| Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo. |
|
| 18 |
|
| Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo. |
|
| 19 |
|
| Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò! |
|
| 20 |
|
| ¶ Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi? |
|
| 21 |
|
| Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès! |
|
| 22 |
|
| Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè. |
|
| 23 |
|
| Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase. |
|
| 24 |
|
| Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule. |
|
| 25 |
|
| Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen. |
|
| 26 |
|
| Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka. |
|
|
: |
| 1 | | 2 | | 3 | | 4 | | 5 | | 6 | | 7 | | 8 | | 9 | | 10 | | 11 | | 12 | | 13 | | 14 | | 15 | | 16 | | 17 | | 18 | | 19 | | 20 | | 21 | | 22 | | 23 | | 24 | | 25 | | 26 | 1
1
1 |
|
|---|
|
https://beblia.bible:81/BibleAudio/haitian/job/003.mp3
42
3