|
| 1 |
|
| ¶ Rele non, Jòb! W'a wè si gen moun k'ap reponn ou! Ak kilès nan zanj Bondye yo ou ta vle pale? |
|
| 2 |
|
| Se moun fou ki kite chagren ap minen yo. Se moun sòt ki kite move san touye yo. |
|
| 3 |
|
| Mwen menm, mwen wè moun fou ki te kwè zafè yo bon. M' rete konsa, mwen wè madichon tonbe sou kay yo. |
|
| 4 |
|
| Pitit yo pa ka jwenn yon moun pou pwoteje yo. Pa gen pesonn pou pran defans yo nan tribinal. |
|
| 5 |
|
| Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo. |
|
| 6 |
|
| ¶ Non. Lafliksyon pa tonbe sou moun konsa konsa. Ni moun pa rete konsa pou l' tonbe anba soufrans. |
|
| 7 |
|
| Menm jan tensèl dife fèt pou vole, konsa tou, moun fèt pou soufri. |
|
| 8 |
|
| Si m' te nan plas ou, Job, se Bondye m' ta rele. Mwen ta mete sitiyasyon an devan l'. |
|
| 9 |
|
| Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte. |
|
| 10 |
|
| Li voye lapli sou latè, li wouze tout jaden. |
|
| 11 |
|
| Moun ki t'ap mache tèt bese yo, se li menm ki fè yo leve tèt yo. Se li menm ki konsole moun ki te nan lapenn yo. |
|
| 12 |
|
| Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo. |
|
| 13 |
|
| Li pran moun entelijan yo nan pèlen yo te tann. Li pa kite mètdam yo reyalize plan yo te fè. |
|
| 14 |
|
| Gwo lajounen y'ap bite tankou nan fènwa. Gwo midi, y'ap tatonnen tankou nan mitan lannwit. |
|
| 15 |
|
| Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo. |
|
| 16 |
|
| Li bay pòv yo espwa. Li fèmen bouch mechan yo. |
|
| 17 |
|
| ¶ Ala bon sa bon pou yon moun lè Bondye ap korije l'! Lè Bondye ki gen tout pouvwa a ap pini ou, pa pran sa an jwèt! |
|
| 18 |
|
| Lè li blese ou, se li menm ankò k'ap mete renmèd pou ou. Lè li frape ou, se li menm ankò k'ap geri ou. |
|
| 19 |
|
| Lapo delivre ou nan tout move pa. Ankenn malè p'ap tonbe sou ou. |
|
| 20 |
|
| Nan grangou, li p'ap kite ou mouri. Nan lagè, li p'ap kite yo touye ou. |
|
| 21 |
|
| L'a pwoteje ou anba kout lang. Ou p'ap bezwen pè lè w'a wè gwo malè ap pwoche. |
|
| 22 |
|
| W'a pase ni malè ni grangou nan rizib. Ou p'ap pè bèt nan bwa. |
|
| 23 |
|
| Jaden w'ap travay yo p'ap gen wòch ladan yo. Bèt nan bwa p'ap janm atake ou. |
|
| 24 |
|
| Lè sa a, w'a viv ak kè poze lakay ou. Lè w'a vizite pak zannimo ou yo, w'a kontan. |
|
| 25 |
|
| W'a gen anpil pitit. Y'a pouse tankou plant nan jaden. |
|
| 26 |
|
| Menm jan se lè mayi fin mi yo kase l', konsa tou se lè ou fin vye granmoun, w'a mouri. |
|
| 27 |
|
| Jòb monchè, nou te kalkile sou bagay sa yo anpil. Se konsa sa ye, tande. Pa fè tèt di. Asepte verite a. |
|
|
|
|