Haïtienne 1998
|
| 1 |
| ¶ Di Bondye mèsi, paske li gen bon kè. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 2 |
| Di Bondye ki gen pouvwa pase tout lòt bondye yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 3 |
| Di chèf ki pi gwo chèf pase tout chèf yo mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 4 |
| Se li menm sèl ki fè gwo mèvèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 5 |
| Avèk bon konprann li, li tè fè syèl la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 6 |
| L'a bati tè a sou dlo yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou: |
| 7 |
| Se li ki te kreye lalin ak solèy. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 8 |
| Solèy pou klere lajounen. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 9 |
| Lalin ak zetwal yo pou klere lannwit. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 10 |
| ¶ Se li menm ki te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 11 |
| Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 12 |
| Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 13 |
| Se li menm ki te fann Lanmè Wouj la de bò. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 14 |
| Li fè pèp Izrayèl la pase nan mitan. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 15 |
| Men, li pouse farawon an ak tout lame l' yo nan Lanmè Wouj la. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 16 |
| Se li ki mennen pèp li a lè pèp la te nan tout dezè a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 17 |
| Li kraze wa ki te gen pouvwa. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 18 |
| Li touye gwo wa yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 19 |
| Siyon, wa peyi Amon an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 20 |
| Og, wa peyi Bazan an. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 21 |
| Li pran peyi yo, li bay pèp li a. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 22 |
| Li bay moun pèp Izrayèl yo peyi sa yo pou yo rete. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 23 |
| ¶ Li pa t' bliye nou lè nou te anba kou. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 24 |
| Li delivre nou anba men moun ki t'ap peze nou yo. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 25 |
| Se li ki bay tout moun ak tout zannimo manje. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
| 26 |
| Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! |
|
| Sove Nòt |
https://beblia.bible:81/BibleAudio/haitian/psalms/136.mp3
150
136