Bib Sen An 2023
|
| 1 |
| Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay? |
| 2 |
| Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a: |
| 3 |
| “Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!” |
| 4 |
| Sila ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo. |
| 5 |
| Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li. |
| 6 |
| Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an. |
| 7 |
| Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou. |
| 8 |
| Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou. |
| 9 |
| Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.” |
| 10 |
| Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo. |
| 11 |
| Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman. |
| 12 |
| Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout sila ki kache nan Li. |
| Sove Nòt |
https://beblia.bible:81/BibleAudio/haitianbsa/psalms/002.mp3
150
2