Nil lan va fòmante avèk krapo ki vin monte antre lakay ou, nan chanm dòmi ou, sou kabann ou, nan kay a sèvitè ou, sou pèp ou a, nan fou ou yo, ak nan veso pou fè pen yo.
Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Pale Aaron: ‘Lonje men ou avèk baton ou an sou rivyè yo, sou dlo k ap koule yo, sou ti lak yo, e fè krapo yo vin parèt sou peyi Égypte la.’”
Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”
Moïse te di a Farawon: “Desizyon an se pa w: fè m konnen kilè ou ta vle m soupliye pou ou avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a ke krapo sa yo vin detwi pami nou, ak lakay nou, pou yo kapab vin rete sèlman nan larivyè Nil lan.”
Yo te fè sa; Aaron te lonje men l avèk baton li an, li te frape pousyè tè a, e te vin gen ti mouch fen sou moun, ak sou bèt yo. Tout pousyè tè a te devni ti mouch nan tout peyi Égypte la.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “ Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”
“Paske si ou pa kite pèp Mwen an ale, gade byen, Mwen va voye desann gwo mouch sou sèvitè ou yo, sou pèp ou a, ak anndan lakay ou yo. Kay Ejipsyen yo va vin ranpli avèk desant mouch, ak sou tè kote yo ap viv la.
Alò SENYÈ a te fè sa. Te vini gran desant gwo mouch nan kay Farawon an ak kay sèvitè pa li yo, e peyi a te vin devaste akoz desant gwo mouch yo nan tout peyi Égypte la.
Men Moïse te di: “Li pa bon pou nou fè sa, paske nou va fè sakrifis a SENYÈ a ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo. Si nou fè sakrifis ki se yon abominasyon pou Ejipsyen yo, èske yo p ap lapide nou avèk kout wòch?
Alò, Moïse te di: “Gade byen, Mwen ap sòti devan ou, mwen va priye a SENYÈ a pou desant mouch yo sòti sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a demen; men pinga kite Farawon aji an desepsyon ankò pou refize kite pèp la ale pou fè sakrifis a SENYÈ a.”
SENYÈ a te fè jan Moïse te mande a, Li te fè desant gwo mouch yo vin disparèt sou Farawon, sou sèvitè li yo, ak sou pèp li a. Pa t gen youn ki te rete.