gade byen, men Bondye va vini avèk yon epidemi byen sevè sou bèt ki nan chan ou yo, sou cheval yo, sou bourik yo, sou chamo yo, sou twoupo yo, ak sou bann mouton yo.
Alò SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: “Pran kèk men plen avèk poud chabon ki sòti nan fou kanari yo, e kite Moïse voye li vè syèl la devan zye a Farawon.
Alò yo te pran chabon ki sòti nan fou kanari yo, e yo te kanpe devan Farawon; epi Moïse te voye li vè syèl la, e li te devni gwo bouton k ap pete tankou maleng ni sou moun, ni sou bèt.
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.
Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.
Alò, pou sa, mennen bèt nou yo avèk nenpòt sa nou gen nan chan an anba pwoteksyon. Chak moun oswa bèt ki twouve yo nan chan an, e ki pa mennen lakay yo, lè lagrèl la vin desann sou yo, yo va mouri.’”
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”
Moïse te lonje baton li vè syèl la, e SENYÈ a te voye zeklè, loray avèk lagrèl, avèk gwo kout dife ki te kouri rive jis atè. Konsa, SENYÈ a te fè lagrèl desann sou tout tè Égypte la.
Alò te gen lagrèl, avèk dife ki te lanse, ki t ap vòltije tout tan nan mitan lagrèl la, byen sevè, jan peyi Égypte la pa t janm wè depi li te devni yon nasyon.
Lagrèl la te frape tout sa ki te nan chan nan tout pati an Égypte, ni moun, ni bèt. Lagrèl la te frape osi chak plan nan chan an epi te chire an mòso chak bwa nan chan an.
Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “ Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan.
Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a.