Haïtienne 1998
|
| 1 |
| ¶ Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo. |
| 2 |
| Li trennen m', li fè m' mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m'. |
| 3 |
| Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete. |
| 4 |
| Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'. |
| 5 |
| Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon. |
| 6 |
| Li fè m' rete kote ki fènwa a tankou moun mouri yo. |
| 7 |
| Li moute yon miray, li fèmen kote m' ye a, m' pa ka chape. Li mare m' ak gwo chenn. |
| 8 |
| Tout rele mwen rele byen fò, pesonn p'ap tande m'. |
| 9 |
| Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m' vire, chak pa mwen fè, m' bite. |
| 10 |
| Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen. |
| 11 |
| Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'. |
| 12 |
| Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo. |
| 13 |
| Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'. |
| 14 |
| Tout moun nan peyi a ap pase m' nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen. |
| 15 |
| Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m' bwè labsent jouk mwen sou. |
| 16 |
| Li fwote tout figi m' atè, li fè m' kase dan m' nan wòch. |
| 17 |
| Mwen pa konnen sa yo rele kè poze. Mwen bliye sa yo rele kè kontan. |
| 18 |
| Mwen di: M' pa gen lontan pou m' viv ankò. M' pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye. |
| 19 |
| Lè m' chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. |
| 20 |
| Wi, lè m' chonje sa, kè m' sere, m' santi kè m' ap rache |
| 21 |
| ¶ Men, mwen reprann kouraj lè m' chonje yon sèl bagay. |
| 22 |
| Seyè a pa janm sispann renmen nou. L'ap toujou gen pitye pou nou. |
| 23 |
| Tankou solèy la ki leve chak maten konsa tou l'ap toujou kenbe pawòl li. |
| 24 |
| Mwen di: Se Seyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m'. |
| 25 |
| Seyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. |
| 26 |
| Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou. |
| 27 |
| Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn. |
| 28 |
| Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen. |
| 29 |
| Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou. |
| 30 |
| Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou. |
| 31 |
| Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt. |
| 32 |
| Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. |
| 33 |
| Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn. |
| 34 |
| Atò, se konnen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton, |
| 35 |
| lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou, |
| 36 |
| lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen! |
| 37 |
| ¶ Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt. |
| 38 |
| Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa. |
| 39 |
| Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè! |
| 40 |
| Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye! |
| 41 |
| Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'! |
| 42 |
| ¶ Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou. |
| 43 |
| Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou. |
| 44 |
| Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou. |
| 45 |
| Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo. |
| 46 |
| Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou. |
| 47 |
| N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè! |
| 48 |
| De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an! |
| 49 |
| Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann, |
| 50 |
| jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè! |
| 51 |
| Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo! |
| 52 |
| Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran. |
| 53 |
| Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch. |
| 54 |
| Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran! |
| 55 |
| ¶ Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou! |
| 56 |
| Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou. |
| 57 |
| Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè! |
| 58 |
| Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'. |
| 59 |
| Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen. |
| 60 |
| Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'. |
| 61 |
| Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'. |
| 62 |
| Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan. |
| 63 |
| Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'! |
| 64 |
| Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè. |
| 65 |
| Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo! |
| 66 |
| Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè! |
|
| Sove Nòt |
https://beblia.bible:81/BibleAudio/haitian/lamentations/003.mp3
5
3