SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm e mwen kanpe etonnen nèt. O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo. Fè yo vin koni nan mitan ane yo. Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.
Li te kanpe; tè a te sikwe. Li te gade; nasyon yo te etone. Wi, lansyen mòn yo te vin detwi, ansyen kolin yo te vin efondre. Chemen li yo dire jis pou tout tan.
Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo? Èske se ak rivyè yo Ou te fache? Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a, ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo, sou cha delivrans Ou yo?
Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a, pou sali pèp onksyon Ou an. Ou te frape tèt peyi mechanste an. Ou te ekspoze li nèt, depi nan kwis li pou rive nan kou l.
Mwen te tande, e zantray mwen te tranble. Lèv mwen te tranble ak son vwa a. Pouiti la lantre nan zo m, mwen te tranble sou plas, paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal, tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.
Menmsi pye fig la pa ta fleri, ni pa gen fwi sou branch rezen yo, menmsi donn oliv la vin sispann, e chan yo pa pwodwi manje, menmsi bann mouton an ta koupe separe de pak la, e pa gen bèf nan pak la,
Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen. Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf; Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo. Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.