Bib Sen An 2023
|
| 1 |
| “Pa jije pou nou menm pa vin jije. |
| 2 |
| Paske menm jan ke nou jije a, nou menm tou, nou va vin jije; pa menm mezi ke nou sèvi a, yo va mezire bay nou. |
| 3 |
| E poukisa nou gade ti kras poud ki nan zye frè nou an, men nou pa wè gwo bout bwa ki nan zye pa nou an? |
| 4 |
| O kijan nou kapab di frè nou an: ‘Kite m retire ti kras sa a ki nan zye ou a’, epi gade, gwo bout bwa nan zye w? |
| 5 |
| Ipokrit! Premyeman, retire gwo bout bwa nan zye ou a, e konsa w ap kapab wè byen klè pou retire ti kras ki nan zye frè ou a. |
| 6 |
| “Pa bay sa ki sen a chen yo; ni pa jete pèl nou yo devan kochon yo, sinon yo va foule yo anba pye epi vire pou chire nou an mòso. |
| 7 |
| “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. |
| 8 |
| Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. |
| 9 |
| O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon moso pen, l ap bay li yon wòch? |
| 10 |
| O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? |
| 11 |
| Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. |
| 12 |
| Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo. |
| 13 |
| “Antre pa pòt etwat la; paske pòt laj la, e chemen byen gwo ki mennen nan destriksyon an. Gen anpil moun k ap antre pa li menm. |
| 14 |
| Paske pòt etwat la, e chemen piti ki mennen a lavi a. Ni pa gen anpil moun k ap twouve l. |
| 15 |
| “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. |
| 16 |
| Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. |
| 17 |
| Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. |
| 18 |
| Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. |
| 19 |
| Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. |
| 20 |
| Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo. |
| 21 |
| “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. |
| 22 |
| Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ |
| 23 |
| Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’ |
| 24 |
| “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. |
| 25 |
| Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. |
| 26 |
| Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. |
| 27 |
| Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.” |
| 28 |
| Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. |
| 29 |
| Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo. |
|
| Sove Nòt |
https://beblia.bible:81/BibleAudio/haitianbsa/matthew/007.mp3
28
7