Konpare verite biblik
- |
|---|
| 1 |
| Jésus te antre nan yon kannòt pou travèse dlo a, e te vin rive nan pwòp vil Li a. |
| 2 |
| Epi konsa, yo te pote bay Li yon moun paralize ki kouche sou yon kabann. Lè Jésus te wè lafwa yo, Li te di a moun paralize a: “Pran kouraj fis Mwen, peche ou yo padone.” |
| 3 |
| Kèk nan skrib yo te reflechi nan kè yo: “Moun sa a ap blasfeme.” |
| Haitian Bible BSA 2023
Copyright © 2017-2023 Ron Smith |
| 1 |
| Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li. |
| 2 |
| Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!” |
| 3 |
| Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!” |
| Haitian Bible VFK 2017
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) @ 2017 Bible League International |
| 1 |
| Jesus wen go inside da boat, fo go back da odda side da lake, an he come by da town wea he live. |
| 2 |
| Had some guys dat wen bring one guy by Jesus on top one mat. Da guy, he no can move, notting. Jesus wen see dat, an he tink, “Eh, wow! Dis guys trus me fo real kine, dat I goin make dea friend come good!” Den he tell da guy, “Eh, you, make strong! You know all da kine bad stuff you wen do? I tell you now, da shame from all dat, pau awready!” |
| 3 |
| But get some teacha guys dea dat teach Godʼs Rules. Dey tinking, “Eh, dis guy ack jalike he God! [Ony God can hemo da shame fo da bad kine stuff peopo do!]” |
| Haitian Bible (HWP) 2000
Copyright 2000, Wycliffe Bible Translators. |
| 1 |
| ¶ Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l' te ye a. |
| 2 |
| Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: Pran kouraj, pitit mwen, peche ou yo padonnen. |
| 3 |
| Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: Nonm sa a ap pale mal sou Bondye. |
| Haitian Bible 1998
Haitian Creole DC Bible © Societé Biblique Haïtienne, 1998 |